Mérès Weche
Son adresse e-mail :

Ses derniers articles

article.title

Nous mourrons tous…

25 août 2021

« Nous mourrons tous… », tels sont les premiers mots de Jacques Roumain dans « Gouverneurs de la rosée » où se pose avec acuité la question de la répartition d’eau à Fond-Rouge, ce prototype de Beaumont en Grand'Anse.

article.title

Fardin, un grand arbre qui nous unit

05 juil. 2021

À l'instar de feu mon cousin, Claude C.

article.title

Maximiser son souvenir dans le temps

01 juin 2021

Il y a de ceux-là qui cumulent des avoirs et qui minimisent le savoir.

article.title

Kozman eleksyon 57 nan vil Jeremi

01 mai 2021

Kozman 1

Avan m antre nan zèfè eleksyon lane 1957 yo nan Jeremi

Fò k mwen voye flè pou Estime yo te voye vaz pise sou li

Men, yo te vin estime l, apre l te chanje vye bak la an pon

An politik, jès saa pa gen lòt non, sinon ke se yon bèl leson

Le pont jeté sur La Grand-Anse par Dumarsais Estimé

Kozman 2

Eleksyon 57 nan Jeremi se te sa y ap rele yon bèl pati biya

Se te koze sou koze, lè saa, bèt tout plimay te bay kalinda

Nan vil la, te gen patizan 4 gwo kandida, ki t ap voye toya

Te gen kalte pa Divalye, pa Fiyole, pa Jimèl ak pa Dejwa

Le candidat François Duvalier en 1957

Kozman 3

Te gen woulo konpresè ki te deklare Divalye sèl kòk chante

Miting Dejwa a pa t rive fèt, chofè l te pase pa l jous li soule

Madan Laj tou te pran yon kout wòch nan mitan place Dima

Se sèl Fiyole ki te rive fè yon ti miting nan lakou Lwi Moro a

Men, pran anba lavil rive sou Granri, te gen vye pawòl sou li

Pèp ap chante “moun Dejwa yo sere savon an“, nan tout lari

Le candidat Louis Déjoie en 1957

Kozman 4

Kanta pou Kleman Jimel, woulo konprese a pa t ba l yon ti chans

Pou l te reyini 2 moun anba yon poto elektrik, se kay doktè Ganye

Li te rete kache jis li vin di “pye sa m manje m pa ba w“, e li te ale

Eleksyon 57 nan vil Jeremi, jan nou wè l la a, se pa t yon ti rans

Le candidat Daniel Fignolé en 1957

Kozman 5

Epòk eleksyon saa, se te bon tan pou Sentanj ki te sot nan Syèl la

Te plis montre SenLwi Wadfrans li pa t yon ti pip tabak nan gad la

Notredam-Delasalèt menm, ki pa t menm sou moun nan Anzdeno

Te achte Grandans lan lajan kontan, chita nan yon bounkè wòz dlo

Papadòk te bati pou li pou sèvis randi nan zafè siveye-rapòte-fouke

Kèk moun san nen nan figi yo, al ajenou nan pye l, se te pote boure

Le candidat Clément Jumelle en 1957

Kozman 6

Pou m tounen sou istwa pon Grandans lan, ki toujou rete yon mèvèy

Poèt Jan Briyè, ki te fè bèl diskou inogirasyon an, te di l pa gen parèy

Li te dekri l tankou yon bèl moso pwezi k te rele “aleksandren metalik“

Devan mèvèy saa nan Grandans lan, anpil lòt pon pa parèt twò katolik

Mérès Weche

.
article.title

Père et fils dans les lieux de la mémoire

23 avr. 2021

C’est par le procédé de la capture d’écran que Kelly et Ted sont allés me chercher cette photo de mon ancien professeur Prosper Auguste, qui était en mouvement dans un documentaire.

article.title

Jeremi, ti kozman Vandredi-Sen sou Plas Dima

23 avr. 2021

Kozman 1

Mezanmi, kite kozman, pran koze, jodia se Vandredisen

Jou chou palmis, lwil dirès, ak bè kopennag, nan Jeremi

Nou pa dwe bliye tou, pwason sèsh, bèt wouj ak lanmori

Men, m ap mande Jezi padon pou m bannou yon lòt zen

Vandredi-Sen, jou kalvè nan tout vil an Ayiti

Kozman 2

Avan zen an, fò k nou sonje pyebwa grate saa sou kare a

Vakabon te konn pran plezi al kase tigrenn li nan kòlèt tifi

Sitou sa kèk t ap file, ki genlè te bayo bwalong kenbe avi

Bon, zen an, se ki sa l ye, pwòp jou sakre Vandredisen saa

Kozman 3

M sonje, kon jounen jodi a, yon chèf lame ki te fèk damou

Ki te foute l pa mal ke Jezikri mouri, pou l ouvri yon aparèy

K ap voye mizik cho monte bò plas la, pi koule bweson tou

M pa bezwen di nou, anndan legliz la, ki sa k rive nan zorèy

Chantè l te prefere a, se te Chal Aznavou.

article.title

Vers une culture de la solidarité citoyenne en Haïti

29 mars 2021

Un pays ne meurt jamais, ne cesse-t-on de répéter.

article.title

Franck Louissaint et Wébert Lahens, un double voyage dans l’intemporel

10 févr. 2021

À la mort de Wébert Lahens, le mardi 2 février, à peine ai-je réfléchi sur le rapport homme-art, défini esthétiquement par André Malraux, voici que Franck Louissaint, ce grand peintre hyperréaliste haïtien, vient d'emprunter, le vendredi 5 février, cet autre  court chemin de l'homme à l'homme qu'est la mort.

article.title

Compagnon Wébert Lahens, bon voyage

05 févr. 2021

Ils sont légion ces compagnons des arts et des lettres qui, fort souvent, partent sur la pointe des pieds.

article.title

Le symbolisme du mois de février

02 févr. 2021

Nous nous inclinons devant la dépouille de Serge Gilles qui vient de faire la révérence le 1er février 2021.